Biyografi Christ-Love FELIX

 

Christ-Love FELIX

Kolaboratris

Felix Christ-Love se yon enjenyè agwonòm ki espesyalize nan pwodiksyon zannimo.

Nan lane 2021, alòske li te fenk ap kòmanse travay nan lijyèn ak enspeksyon vyann ak pwodui ki soti nan vyann, pa rapò ak enpotans travay li a ak enfomasyon li tap trete yo, li te manifeste
volonte pou li te rann yo disponib pou tout moun alawonnbadè.

Se konsa de lane apre li ta pral lanse : « les Lettres de Felix» ki se yon platfòm kote li enfòme sou divès risk kontaminasyon ki genyen nan pwodui nap konsome chak jou yo. Li pale sou kòman nou kapab evite maladi yo pou moun ak pou bèt nan enterè sante nou tankou nan enterè ekonomi peyi nou.

Gras ak pasyon li pou rechèch sitou nan domèn agrikilti li pibliye plizyè atik syantifik, li resevwa tou plizyè pri ekselans pou lespri kreyatif li.

Pou jèn laj li, Agwonòm Felix se yon fanm ki deja ap make istwa agrikilti ak devlopman an Ayiti.