Les lettres de FélixOpinion

Idatidoz: yon zowonoz nan asyèt nou

91

Idatidoz se yon zowonoz, sa vle di se yon maladi bèt kapab bay moun. Vè sa viv lakay chen. Li soti nan kaka chen an epi van, dlo pote li nan dlo ak zèb kabrit, mouton, bèf ak cheval ap manje. Moun trape l yon fason endirèk nan manje oswa bwason ki kontamine ak vè a, oswa yon fason dirèk lè men yo pran vè a sou kò chen an oswa nan ekskreman li mete nan bouch yo.

Kòman nou ka konnen lè yon vyann genyen l ?

Nou kapab rekonèt vè sa nan vyann nan lè nou wè sou fwa oswa poumon bèt la de blad dlo ki prèske eklate ki genyen ladan li plizyè ti grenn blan ki bay aspè sab. Nan ka kote gen lòt bakteri nan vyann nan, blad sa yo kapab tounen abse ki kapab chanje en pij oswa kalkè.

Èske maladi sa an Ayiti ?

Yo poko dekouvri maladi sa lakay moun an Ayiti. Men gen yon tès yo rele Tè Kasoni ki pèmèt yo dekouvri si yon moun genyen li. Lè yo te fè tès sa nan kèk lòt peyi nan Karayib la, tès plizyè moun te soti pozitif.  Se timoun yo ki pi frajil fas ak maladi sa a, e li pa posib sou je pou w wè lè malad la ta fenk enfekte. Premye siy yo parèt ase souvan lè endividi a granmoun (nan 50 tan konsa), y ap parèt tankou vomisman, noze, doulè nan bò dwat vant, alèji ak lòt kalite enfeksyon. Pa rapò a risk vè sa pote, prensip la se jete tout vyann yo jwenn ki kontamine ak li.  

 

FELIX Christ-Love

Spécialiste en Hygiène et inspection des aliments


Related Articles

Les lettres de FélixOpinion

Anisakis, ti vè blan nan aransò yo

Dènye tan sa yo, anpil konsomatè remake lè yo achte aransò, pwason...