Dènye tan sa yo, anpil konsomatè remake lè yo achte aransò, pwason yo genyen de ti vè blan anndan yo. Vè sa yo se sa yo rele Anisakis.
Anisakis yo fè pati kategori vè won. Yo ka blanch oswa yon koulè wouj ki atire sou nwa epi yo parèt on jan tòde. Ou jwenn Anisakis pi souvan lakay bèt nan dlo sale. Yo pako jwenn vè sa lakay bèt dlo dous yo ak bèt ki soti nan elvaj. Anisakis yo alèz pou yo rete lakay gwo pwason tankou dofen, reken yo. Men lè gwo pwason yo rejte yo, yo al kontamine “kristase” tankou chevrèt yo. Ti pwason tankou aran, jòfi ak « sefalopod » tankou chatwouj yo pral kontamine nan manje kristase yo.
Anisakidoz, zowonoz vè Anisakis la responsab la gaye tout kote sou latè. Men yo plis jwenn zowonoz la nan peyi kote moun yo gen abitid manje pwason kri. Nan ka ki pi senp yo, malad yo konn prezante yon alèji. Lakay moun ki pi frajil yo, menm si se vè ki mouri a yo manje yo ka prezante alèji. Men nan ka ki pi konplike yo, parazit la konn rive pike ògàn nan pati abdominal lè konsa konsomatè a konn gen gwo doulè nan vant. Si pwason an se pou manje kri, li rekòmande pou w kite li fè sèt jou nan frizè soti lè li peche a ak lè wap manje l la. Si wap kuit pwason ak fòk ou byen kwuit li pou vè yo ka mouri. Atansyon ! Lè se lafimen yo bay pwason an, vè a pa toujou mouri. Jeneralman se nan lafimen yo pase pwason aran an pou yo fè aransò yo, kidonk fòk nou trè pridan lè nap manje yo, pou nou pa trape vè Anisakis la.
Spécialiste en Hygiène et inspection des aliments.
Idatidoz se yon zowonoz, sa vle di se yon maladi bèt kapab...